Jodi a anpil moun lan monn lan ap chèche gen konesans epi envesti nan Kriptomonè paske yo konsidere Kriptomonè yo kòm avni monn finansye a. Anpil gwo envestisè ki t ap nye Bitcoin aprè lansman l an 2009 ap envesti milyon ladan l jodi a. Anpil gouvènman ap travay pou lanse pwòp Kriptomonè yo tankou Canada, Chine, Japon, Venezuela… Anpil gwo antrepriz antre nan posesis sa tou tankou facebook, bugger king…
- Kisa yon Kriptomonè ye?
- Kòman w kapab itilize yon Kriptomonè?
- Kòman w kapab achte kriptomonè?
- Kote w kapab estoke Kriptomonè?
- Kòman w kapab jwenn Kriptomonè gratis?
Kisa yon Kriptomonè ye?

Yon kriptomonè (kriptoaktif, kripto deviz), jan non an di l la, se yon lajan nimerik ki baze sou kriptografi ke w kapab itilize pou w fè tranzaksyon kèlkeswa kote w ye nan monn lan epi nenpòt lè. Kriptomonè yo kreye epi fonksyone gras ak teknoloji Blockchain lan. Yo gen yon inite pou mezire yo ki pwòp a yo ki rele Token Kontrèman ak lajan tradisyonèl yo, kriptomonè yo pa gen biyè, sa vle di se lajan ou kapab itilize an liy, san w pa oblije ap achte yon pwodui nimerik.
Kòman w kapab achte kriptomonè?
Menmjan si yon moun bezwen li kapab achte deviz klsik yo (Euro, Dola, Goud…). Swa nan men yon moun patikilye oubyen yon enstitisyon finansye (bank, mezon echanj…) Se menmjan tou pou kripto deviz yo. Gen diferan fason ou kapab achte yo. Ou kapab achte yo nan men yon moun ou konnen ki genyen. Konsa tou gen yon ansanm platfòm ki la pou sa. Kote w kapab achte ak echanje Kriptomonè. Yo rele yo nan monn kriptofinans lan: Exchange
Kòman w kapab itilize yon Kriptomonè?
Gen diferan fason epi pou plizyè rezon ou kapab itilize yon Kriptomonè menmsi jiskaprezan ann Ayiti pa vrèman gen yon antrepriz mwen konnen ki aksepte l. Men nan plizyè lòt peyi ou kapab achte pwodui oubyen sèvis ak kriptomonè.
- O Zetazini ki se youn nan peyi kote kesyon kriptomonè plis devlope, ou kapab peye otèl, achte nan plizyè restoran epi w peye an kriptomonè. Notamman Bitcoin.
- O Japon tou, gen anpil magazen ki aksepte moun peye yo an kriptomonè.
- An Almay, gen lekòl ki aksepte etidyan yo peye an Bitcoin, Litecoin, Ether. E menm gen konpayi elektrisite ki aksepte peyman an kriptomonè tankou Enercity.
Gen plizyè lòt peyi ke yo pèmèt moun itilize Kriptomonè san se pa fòseman acha an liy y ap fè.
Kote w kapab estoke Kriptomonè yo?

Menmjan pou lajan tradisyonèl yo, gen diferan fason ou kapab konsève yo. Se menmjan pou Kriptomonè yo. Pou w estoke Kriptomonè yo w ap itilize, sa yo rele nan monn kriptofinans lan yon Wallet. Wallet sa pral reprezante yon sòt de bank an liy pou ou. Kote w ap kapab estoke plizyè kriptomonè.
Kòman w kapab jwenn Kriptomonè gratis?
Gen diferan fason ou kapab jwenn Kriptomonè gratis menmsi sa souvan mande pou w fè kèk efò. Diferan fason sa yo pa vrèman difisil, se pa bagay ou pral fè tou k ap fè w milyonè an kripto.

KLIKE LA POU PLIS ENFO
Men kèk fason ou ka itilize
- Swiv Airdrops yo
- Enskri sou Faucets yo
- Pratike minaj
- Travay pou yon antrepriz oubyen yon patikilye ki peye an kriptomonè
- Fè afilyasyon ak atrepriz ki nan monn kriptofinans lan
Konklizyon
10 zan avan, prèske tout moun pat ba Bitcoin okenn enpòtans, 7 an pita (2017) yon Bitcoin te avwazine $20 000US. Nou rive nan moman kote nou paka kriptoseptik ankò, gen moun ki milyonè, milyadè gras ak kriptomonè. Menmsi w ka poko ka envesti nan Kriptomonè yo, li enpòtan pou w gen plis konesans posib sou yo. Jodi a ou kapab achte machin, kay ak plizyè lòt bagay ak Kriptomonè kòm mwayen peyman.