Depi aprè envansyon entènèt, anpil moun konsidere Blockchain kòm pi gwo envasyon ki fèt nan monn lan (M ap pale de Blockchain Bitcoin an paske gen plizyè Blockchain). Yo konsidere l kòm yon revolisyon nan kesyon teknoloji. Gras ak envansyon Blockchain, monn finansye a, sitou, vin plis desantralize, plis sekirize epi pi transparan.
- Kisa Blockchain ye?
- Kòman Blockchain lan fonksyone?
- Ki avantaj Blockchain lan genyen?
- Tip Blockchain
Kisa Blockchain lan ye?
Blockchain se yon mo konpoze anglè ki fòme de de lòt mo ki se Block epi Chain ki ka tradui literalman an kreyòl blòkchèn.

Blockchain se yon teknoloji ki baze sou kriptografi ki pèmèt moun anrejistre ak transfere done nan transparans ak sekirite san prezans yon entèmedyè. Se yon baz done ki gen istorik tout tranzaksyon itilizatè l yo fè.
Youn nan pi gwo patikilarite Blockchain pa rapò ak lòt teknoloji ki te la avan l yo, li 100% desantralize. Sa vle di, done yo kapab anrejistre sou yon ansanm òdinatè nan tout monn lan, oubyen pou yon kominote kèlkonk san yon veritab sistèm santral.
Kòman Blockchain fonksyone?
Gen plizyè Blockchain epi gen plizyè fason yon moun ka esplike yon Blockchain, se yon teknoloji trè avanse epi ki mizajou regilyèman. Nan atik sa, m ap gade sèlman sa ki gen rapò ak kriptomonè. Nou pral gade jan Blockchain Bitcoin an fonksyone.
Blockchain lan jan non an di a se yon ansanm blòk. Chak lè gen yon kantite tranzaksyon ki fèt gen yon nouvo blòk ki kreye nan sistèm lan. Gras ak blòk sa yo, sistèm nan anrejistre yon ansanm enfòmasyon tankou: kote lajan an soti, dire tranzaksyon an, montan transfè a ak plizyè lòt enfòmasyon. Tout enfòmasyon sa yo anrejistre nan yon chèn blok.
Block sa yo ki kreye yo piblik, tout moun ki vle kapab gen aksè ak done ki anrejistre ladan yo. Nòmalmam, lè yon Block kreye li pa sèlman kreye sou aparèy 2 moun ki fè tranzaksyon an ap itilize men se sou tout aparèy ki konekte ak Blockchain lan (Pou Bitcoin, ou kapab telechaje pwotokòl la sou òdinatè w epi w ap gen aksè ak tout enfòmasyon).

Pou kontwole ak verifye tout tranzaksyon k ap fèt sou Blockchain lan, yo itilize yon metòd ki pèmèt tout moun ki gen yon òdinatè fè travay sa. Metòd sa rele Minaj. Minè yo son w ansanm moun ki mete puisans kalkil òdinatè yo a sèvis Blockchain lan epi yo reminere an kriptomonè. Pou Bitcoin se 6.25BTC pou chak blòk.
Ki avantaj Blockchain yo genyen?
- Blockchain yo trè sekirize, li prèske enposib pou w pirate yon Blockchain paske fòk ou ta gen yon kapasite ekstrèm nan enfòmatik pou w atake òdinatè tout moun k ap itilize Blockchain lan nan mwens pase 10 minit paske chak 10 minit gen nouvo blok ki kreye.
- Li trè transparan paske tout moun gen posiblite pou yo gade tout tranzaksyon k ap fèt sou Blockchain lan, pou verifye tout done.
- Desantralizasyon, Blockchain lan pa gen yon otorite deyè l ki ka anpeche l devlope, tout moun gen aksè ak li, tout kote epi tout lè
Tip Blockchain
Gen 3 tip Blockchain
Blockchain piblik: se Blockchain kote tout moun gen aksè ak yo, ki 100% desantralize, ki pa gen yon otorite deyèl, ki gen yon pwotokòl Open Source. Tankou Blockchain Bitcoin lan.
Blockchain prive: se yon ansanm Blockchain ki la pou yon kominote redui. Ou kapab gen yon antrepriz epi w chwazi kreye yon Blockchain pou li kote tout moun nan antrepriz la gen aksè avè l tankou JP Morgan.
Blockchain de « consortium » : Se Blockchain kote yon gwoup antrepriz kapab met ansanm yo kreye. Se gwoup sa k ap gen aksè ak done ki sou Blockchain sa.
Konklizyon
Teknoloji Blockchain lan evolye chak jou. Monn lan an jeneral kapab vrèman revolisyone ak envansyon Blockchain lan. Anpil gwo antrepriz kòmanse itilize teknoloji sa, tankou Coca Cola, JM Morgan, BMW ak anpil lòt. Gen gouvènman tou ki kòmanse antre nan lojik la, tankou Lachin, Venezyela ak plizyè lòt.