Airdrops yo se youn nan fason, menmjan ak Faucets yo, pou w genyen Kriptomonè gratis san w pa envesti lajan. Se vre ou p ap envesti lajan, men sa mande pou omwen ou fè kèk ti travay enpòtan, ki pa twò difisil.
- Kisa Airdrops yo ye?
- Poukisa yo fè yo?
- Kòman w kapab jwenn yo?
- Kòman w kapab itilize yo?
- Kòman retire token yo?
Kisa Airdrops yo ye?

Yon Aidrops se yon distribisyon tokens gratis ki fèt, souvan, lè yon kriptomonè fèk lanse. Aidrops sa yo gen yon dire detèmine epi yon kantite token limite pou yo distribiye. Aidrops yo souvan fini lè pwopriyetè kriptomonè sa fini avec Initial Coins Offering (ICO) li.
Poukisa yo itilize metòd Airdrops la?
Yo itilize metòd Airdrops yo pou plizyè rezon. Men rezon prensipal la se pou fè konnen kriptoaktif sa. Olye yo envesti nan metòd Marketing tradisyonèl yo tankou piblisite radyo, tele… Yo envesti pito yon kantite tokens nan moun k ap itilize kripto sa, pou fè yon tip marketing ki pi efikas ki baze sou rekòmandasyon natirèl.
Nòmalman yon moun ki vle itilize yon Airdrops, youn nan tach ki souvan obligatwa, se fè lòt moun konnen kriptomonè sa. Konsa, w ap pataje l pou w ka jwenn token epi lòt moun ap dekouvri kripto aktif la.
Kòman w kapab jwenn Aidrops yo?
Li pa difisil pou w jwenn Aidrops yo. Men kèk fason ou ka fè sa.
Rejwenn forum ki espesyalize nan kesyon kriptomonè, abòne ak news letter sit ki espesyalize nan kesyon Aidrops yo. Pi gwo forum ki gen nan monn lan pou kesyon sa se BitcoinTalk
Swiv kont twitter ki pale de kriptomonè, abone w a bot yo. N.B: Gen anpil ki se Scam, verifye yo byen. Pou w ka jwenn pi bon yo rejwenn kanal Telegram nou an.
Gen anpil gwoup ak paj Facebook ki toujou konn pataje nouvo Airdrops yo tou.
Enstale Telegram epi abone w ak chanèl ki pale de Kriptomonè. Antre nan kanal Telegram Tizè Crypto a pou w jwenn plis enfòmasyon.
Kòman pou w itilize Airdrops yo?
Gen plizyè tip Aidrops e chak gen yon metòd yo swiv.
Gen Aidrops, se jis yon bot Telegram yo genyen epi w ap refere moun rejwenn kanal, ak gwoup diskisyon sou Airdrops la.
Genyen se sou sit Kriptomonè a y ap voye w kreye yon kont, ranpli fòmilè, reponn captcha… epi yo ka ba w yon lyen afilye pou w refere moun.
Genyen k ap mande w pou w pataje kontni yo sou rezo sosyal yo (retweet), k ap mande w pou w abone ak yo sou Facebook, Twitter, LinkedIn, YouTube…
Gen plizyè lòt bagay yo konn mande fè ankò, sa depann de Airdrops la. Men sa ki idantik nan preske nan tout Airdrops y ap mande w pou w pataje l.
Kòman W KAPAB RETIRE TOKENS YO?
Pou w retire Tokens ou jwenn nan Airdrops la ou sipoze gen yon Wallet . Nòmalman lè w fin gen wallet la, w ap gen yon adrès (kle piblik) pou chak kriptomonè. Ebyen se adrès sa ou pral itilize pou retire gen w yo. N.:B tout Wallet pa sipòte tout kriptomonè, l ap bon si w gen plizyè wallet. Gen Aidrops k ap tou di w ki Wallet pou w itilize pou w kapab patisipe.