
Faucet se yon mo anglè ki vle di robinè. Faucets yo se yon ansanm sit oubyen aplikasyon mobil ki fè distribisyon tokens a moun k ap itilize yo.
Faucets yo se sit oubyen aplikasyon ki viv prèske sèlman de piblisite. Konsa, lè w enskri sou yon Faucet li kapab mande w akonpli plizyè tach tankou: gade yon videyo, pase sondaj, reponn a yon Quiz, pase Captcha…
Pou w itilize Faucets yo ou dwe gen yon Wallet, evite itilize adrès platfòm dechanj yo tankou Coinbase oubyen Binance paske yo gen limit minimal tranzaksyon ki souvan wo. Li pi bon pou w itilize yon micro wallet tankou Coinpot.
Faucets yo anpil e gen anpil nan yo ki pa peye vrèman (Scam). Pou sa, nou seleksyone ansanm pi bon faucets yo pou ou (rantab, fasil, fyab). Ou ka kòmanse itilize yo kounya la.
Meyè faucets
Moon
Moon yo se 5 Faucets ki trè rantab epi vrèman fasil pou w itilize. Pou w itilize yo w ap jis kreye yon kont Coinpot, y ap fè depo dirèkteman sou li.
Meyè faucet pou w genyen Ethereum
2 pi bon Faucets pou w genyen Bitcoin
N.B: Meyè fason pou w gen yon gwo kantite kriptomonè se envesti pou w envesti, men si w itilize Faucets sa yo byen ou kapab gen yon bon kantite tou men aprè anpil travay.
Paj sa ap mizajou regilyèman, toujou vizite l pou w jwenn nouvo opòtinite.