Catégories

A PWOPO

Depi aprè lansman ofisyèl Bitcoin nan lane 2009, monn kriptomonè a pa janm sispann evolye. Lè Bitcoin te parèt li te vo 0.001$ sa ki vle di, pou 100$ ou t ap gen 100 000BTC. Nan mwens ke 10 zan, (an 2017), yon bitcoin te vin evalye a 20 000$. Malgre tout evolisyon sa yo, monn kriptomonè a rete enkoni pou majorite ayisyen.

Tizè Kripto se yon kominote an liy ki reyini tout moun ki vle aprann, diskite oubyen pataje konesans yo sou kriptomonè.

Poukisa Tizè Crypto kreye?

Teni kont de sitiasyon Ayiti pa rapò a monn kripto finans lan, Tizè Crypto kreye nan objetik pwomouvwa kriptomonè yo ann Ayiti. Nou pataje tout sa ki gen rapò ak kriptomonè, n ap montre w tout sa w dwe konnen avan w envesti nan kriptomonè. Si w deja kòmanse envesti n ap ba w teknik pou rantabilize envestisman w yo.

Blog sa kreye tou nan objektif pataje tout opòtinite sou kriptomonè yo ak kominote a. Nou pataje kèk mwayen ki ka fè w kòmanse gen kriptomonè gratis san w pa envesti lajan. [Jwenn Crypto Gratis]

Metòd itilize

Pou fè moun konnen kriptomonè yo nou itilize rezo entènèt la: Blog la plis rezo sosyal tankou Instagram epi mesajri Telegram.

Sou paj enstagram nan nou pataje anpil konesans bazik brèvman ak followers nou yo. Epi diskite ansanm nan kòmantè yo.

Konesans sa yo ki bay sou Instagram yo, yo apwofondi sou blog la nan yon ansanm atik ak paj estatik.

Epi sou Telegram, nou pataje aktyalite, opòtinite, varyasyon pri epi diskite ansanm sou kesyon kriptomonè yo.

Poukisa w dwe swiv Tizè Crypto?

Ou dwe swiv Tizè Crypto si w pa ta renmen kite evolisyon k ap fèt nan monn finansye a ale kite w. Jodi a yo konsidere kriptomonè yo kòm avni ekonomi mondyal la. Chak jou y ap vin pi enpòtan, chak jou y ap rekonèt kòm mwayen peyman nan nouvo antrepriz. Jodi a ou kapab achte machin, kay ak kèlkeswa byen an ak kriptomonè nan peyi ki pi avanse nan kesyon an.

Anpil gwo ekonomis nan monn lan pa ekate posiblite pou kriptomonè yo ranplase deviz nasyonal yo nan lane k ap vini yo. Ou imajine w nan moman sa ou pa konn anyen sou kripto yo oubyen w pa gen kripto?

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer