Yon Exchange se yon platfòm ki pèmèt moun echanje (achte ak ak vann) kriptomonè, oubyen yon platfòm ki pèmèt moun Trader kriptomonè. Platfòm sa yo gen yon ansanm règ yo baze pou yo fonksyone, se pa tout ki disponib nan tout peyi.
Ayiti, se youn nan peyi ki gen anpil limit nan kesyon sa, plizyè gwo Exchange pa aksepte moun ki ann Ayiti achte kriptomonè sou yo. Men gen kèk Exchange ki aksepte rezidan ayisyen yo echanje kriptomonè. Nou chwazi pou ou pi bon pami yo.
Mwen baze sou plizyè kritè pou m chwazi Exchange sa yo tankou sekirite, senplisite, frè tranzaksyon, fyabilite ak lòt ankò. Pèsonèlman se yo mwen itilize.
SWITCHERE
Switchere se yon antrepriz ki anrejistre ann Estonie. Se yon jenn Exchange ki deja fè prèv li nan monn kriptomonè a. Li trè senp pou w itilize, frè yo trè ba pa rapò ak anpil lòt Exchange. Yo bay Cashback sou premye acha yo. Klike la pou w enskri
CEX.IO
Se yon antrepriz anrejistre an Royaume Uni. Li se meyè Exchange pou moun k ap achte ak kat bankè. Frè tranzaksyon yo pa wo epi li trè rapid. [Klike la] pou w kreye yo. Si w son w Ayisyen knap viv USA ou p ap ka itilize l. Desann pi ba! Si w vle Trader, li mye pou w transfere kripto w yo sou Binance
BINANCE
Binance san kontès, se youn nan pi gwo Exchange nan monn lan. Se Exchange ki en plis volim, plis likidite epi trè sekirize. Li se meyè Exchange pou w Trader lè w ann Ayiti. Ou kapab achte kripto sou CEX.IO (Si w pa USA) oubyen sou Coinbase (si w USA) epi transfere yo sou Binance si w vle Trader.
COINBASE
Coinbase se yon antrepriz ameriken ki ap evolye nan monn kriptografik la. Se youn nan pi gwo Exchange ki gen nan monn lan. Se Exchange ki gen plis Bitcoin estoke sou li. Li se meyè Exchange pou yon ayisyen k ap viv USA. Si w ann Ayiti ou p ap ka achete sou li. Si w vle Trader, ou kapab achte sou li epi transfere sou Binance.