
Anpil moun souvan gen tandans pou yo konfonn coin avec token pandan ke se 2 eleman diferan. Yo se 2 mo anglè ki ta ka tradui an kreyòl kòm pyès epi jeton*. Yo chak gen karakteristik ki pwòp a yo e jwe wòl difereran.
Yon Coin se yon lajan vityèl ki gen pwòp Blockchain li. Sa vle di yon Coin se yon aplikasyon ki endepandan. Tankou Bitcoin, Dash, Ripple…
Yon Token se yon lajan nimerik ki baze sou Blockchain yon lòt lajan nimerik. Pa egzan gen Blockchain Bitcoin lan ki pwodui DogeCoin, Tether USD… Blockchain Ethereum nan produi BAT (Basic Attention Token), OXY…
Nòmalman yon Coin minab, paske li gen Blockchain pa l e chak Blockchain bezwen minaj pou yo fonksyone. Tandiske, yon Token pa minab, paske se sou Blockchain yon lòt kriptomonè li ye.
Token yo se inite mezi kriptomonè yo, inite konpraratif yo. Nou ka pran Ethereum kòm egzanp: Yon token Eth gendwa egal x dola oubyen x goud.
Token yo tou konn kreye nan objektif pou vann yon objè fizik, ou gendwa gen yon imèd, ou chwazi tokenize l epi w pase yon kontra entelijan pou vann li.
Konsa tou yon Token kapab kreye jis pou yon aplikasyon. Tankou BNB, kise Token Binance lan, li pèmèt itilizatè Binance yo peye mwens frè lè y ap fè yon tranzaksyon sou platfòm nan.
An gwo, kit ou di Coin, kit ou di Token, se de kriptomonè w ap pale. Tout se aplikasyon ki sou teknoloji Blockchain lan, menmsi yo pa toujou gen menm fonksyonalite yo.