Catégories
Non classé

Kisa ki yon Exchange kriptomonè?

Youn nan kesyon ki souvan ap poze. Se si yon moun pa gen kriptomonè, kòman l ka fè pou l vin gen kriptomonè, sa vle di kòman l kapab achte kriptomonè. Gen moun tou ki souvan ap mande si yo gen kriptomonè kote y ap kapab vann yo kont lajan fiat oubyen echanje yo kont lòt kriptomonè.

  • Kisa ki yon exchange?
  • Tip exchange?
  • Ki Exchange ou ta dwe itilize?

Kisa ki yon Exchange?

Yon Exchange se yon platfòm, li kapab yon aplikasyon oubyen yon sit entènèt ki pèmèt moun achte, vann, oubyen echanje kriptomonè youn konn lòt. Exchange yo tou pèmèt moun fè espekilasyon sou pri kriptomonè yo (Trading)

Exchange yo diferan youn de lòt. Gen exchange ki pèmèt moun achte kriptomonè ak deviz nasyonal yo (goud, dola…) konsa tou gen lòt ki sèlman aksepte ehanj kriptomonè kont kriptomonè.

Gen Exchange ki pèmèt moun achte kriptomonè sèlman pa viman bankè, konsa tou gen lòt ki pèmèt moun achte kriptomonè pa kat bankè (kredi oubyen debi) (Visa, MasterCard).

Frè tranzaksyon yo pa toujou menm sou tout Exchange yo, genyen ki gen frè ki pi wo pase lòt menmsi eka yo pa toujou gwò gran pase. Yo souvan mwens ke 1 pousan de montan tranzaksyon an.

Tip exchange

Jiskaprezan gen 2 gwo tip Exchange ki egziste. Se Exchange santralize (CEX) yo ak Exchange desantralize yo (DEX). Chak tip exchange sa yo gen patikilarite pa yo. Yo gen avantaj yo ak enkonvenyan yo

Exchange santralize

Yon Exchange santralize se yon platfòm ki gen yon moun oubyen yon gwoup moun k ap jere l. Se yon platfòm ki genyen yon ògan santral, yon otorite deyè l. Otorite sa se li ki vin jwe wòl « tiers de confiance » nan tranzaksyon k ap fèt sou platfòm sa. Otorite sa la tou, pou regile mache a.

Avantaj

  • Yon Exchange santralize gen plis likidite sou li, lè w pase yon lòd vant/acha l ap egzekite pi rapid
  • Entèfas yo souvan trè byen dizay
  • Yo gen plis zouti pa rapò ak DEX yo
  • Yo plis regilarize
  • Ou kapab echanje kriptomonè kont monè fiat (ewo, dola…)

Enkonvenyan

  • Itilizatè yo depann de yon otorite
  • Yo siseptib a hacking (sa rive plizyè fwa deja)
  • Yo gen kontwòl kapital ou
  • Ou oblije pase pa yon « tiers de confiance »

Exchange desantralize

Yon exchange desantralize se yon platfòm ki kreye a pati teknoloji Blockchain lan epi ki pa gen okenn otorite santral k ap jere l. Nòmalman, li fonksyone ant moun a moun « peer to peer ». Tranzaksyon yo anrejistre sou li nan yon ansanm blòk e chak patisipan gen yon kopi de chak tranzaksyon ki fèt.

Avantaj

  • Yo trè sekirize, jiskaprezan teknoloji Blockchain lan envyolab
  • Itilizatè yo pa depann de pèsonn
  • Pa gen moun ki gen kontwòl kapital itilizatè yo apa yo menm
  • Sou yon Exchange desantralize, itilizatè yo konplètman anonim

Enkonvenyan

  • Entèfas ak dizay mwayen
  • Yo konn manke likidite
  • Lòd yo konn pran plis tan pou egzekite
  • Yo gen mwens zouti, sitou pou Trading
  • Pa gen anpil koòdone pou idantifye w

Ki exchange ou ta dwe itilize?

Jan sa te di avan, gen plizyè Exchange e yo chak gen patikilarite pa yo, yo chak gen avantaj ak enkonvenyan. Gen anpil kritè chak itilizatè kapab baze sou yo pou chwazi yon Exchange, tankou likidite, sekirite, regilasyon, fyabilite… Men tou, fòk li konnen si Exchange sa fonksyone nan rejyon li ye a. Tankou Coinbase ki se youn nan pi bon Exchange mondyalman koni, men li pa pèmèt moun ki ann Ayiti echanje kriptomonè.

Gen Binance, selon anpil kripto envestisè, ak Trader, se pi bon platfòm echanj ki gen nan monn lan. Li trè fasil pou itilize, entèfas byen dizay, frè relativman ba, li se platfòm ki plis likid epi youn nan platfòm ki plis regile. Ou kapab itilize an Ayiti pou w Trader men ou paka itilize l pou achte kriptomonè.

Konklizyon

Si w gen entansyon envesti nan kriptomonè, se meyè moman pou w fè sa. Chak jou kriptomonè yo ap gen plis kredibilite, chak jou gen nouvo antrepriz ak nouvo peyi k ap aksepte yo. Ou pa oblije gen yon milyon pou w kòmanse, ou kapab kòmanse piti piti, ak yon bon timing, avèk tan ou kapab vin gen yon bèl « portefeuille ».

Atik konplemantè: LIS EXCHANGE OU KAPAB ITILIZE ANN AYITI

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer