Catégories
Non classé

Wallet Kriptomonè, kisa l ye?

Menmjan pou tout moun ki gen lajan tradisyonèl yo, yo gen plizyè fason yo estoke yo. Se menmjan pou Kriptomonè yo tou, lè w genyen yo fòk ou gen kote pou w estoke yo. Pou lajan tradisyonèl yo, souvan se labank, nan yon kòf ak plizyè lòt kote ankò. Pou Kriptomonè yo menm w ap itilize yon Wallet pou w konsève yo.

  • Kisa yon wallet ye?
  • Diferan tip Wallet
  • Kòman w kapab itilize yon Wallet?
  • Ki Wallet ou dwe itilize?

Kisa yon Wallet ye?

Wallet se yon mo anglè ki vle di bous an kreyòl. Yon wallet se yon bous an liy ou genyen pou w estoke Kriptomonè. Yon Wallet fonksyone prèske tankou yon bank. Pou chak kripto deviz ou genyen sou Wallet sa, w ap gen yon adrès patikilye.

Menmjan, nan yon bank ou kapab ouvri yon kont pou chak deviz ou genyen, se menmjan pou Wallet yo. Egzanp: Yon Wallet kapab gen Bitcoin, Ethereum, Litecoin… ki estoke sou li. Pou chak kriptomonè sa yo w ap gen yon adrès pou w resevwa yo

Tip Wallet

Cold Wallet

Cold wallet yo se yon ansanm Wallet ki la pou estoke kriptomonè òliy, san yo pa sou yon Wallet ki konekte a entènèt. Wallet sa yo se Wallet fizik ki prezante sou plizyè fòm. Genyen ki prezante sou fòm kle USB, genyen se sou fòm Disque Dur, konsa tou se kapab yon moso papye ki fèt pou sa.

Hot Wallet

Hot Wallet yo se tout wallet w ap itilize an liy, tout wallet ki lye ak rezo entènèt la. Wallet sa yo kapab se yon logiciel pou òdinatè (Windows/Mac) konsa tou se kapab aplikasyon mobil (Android/iOS). Men gen Wallet tou ki pa ni lojisyèl pou òdinatè ni aplikasyon mobil, se jis yon sit entènèt ki ba w yon espas estokaj.

Kòman itilize yon Wallet?

Pou w itilize yon walket Kriptomonè, w ap genyen 2 prensipal kle. Ki se yon kle prive, ak yon kle piblik pou chak kriptomonè ou gen sou wallet sa.

Kle prive

Kle prive avse koòdone pèsonèl w ap gen pou w itilize nan kreyasyon kont ou an sou Wallet w ap itilize a. Pi souvan se E-mail ak modpas la ki konsidere kòm kle prive men chak wallet gen fason pa yo yo fonksyone, sa ka rive youn mande w plis, konsa yon lòt ka mande w mwens detay . Tankou My Ether Wallet, li p ap mande w E-mail, l ap jis ba w yon ansanm mo epi li ka mande w kreye yon modpas.

Kle piblik

Kle Piblik la, si n ta vle konpare wallet yo tankou yon bank, chak kle piblik yo se yon nimewo kont pou yon deviz diferan. Kle piblik la se adrès w ap itilize pou w resevwa Kriptomonè sou wallet w ap itilize a. Kle piblik yo se yon ansanm lèt ak chif Wallet w ap itilize a ap ba w. Yo souvan gen anpil karaktè, sa ki konn fè yo mal pou memorize.

Sa se (kle piblik) adrès Ethereum Tizè Crypto a, se li yon moun ap itilize si tout fwa li ta vle fè yon don ETH a Tizè Crypto. W ap jis kopye l epi kole l sou platfòm w ap fè transfè a. 0x57f408C5110af63EA794003Cc93AfF4Ad4C4a3e4Kle

Ki wallet ou ta dwe itilize?

Ou kapab itilize plizyè Wallet, pafwa yon Wallet konn ba w kèk posiblite yon lòt pa bay. Genyen ki pèmèt ou estoke plis kriptomonè pase lòt. Genyen ki plis espesyalize. Mwen pèsonèlman, m itilize Trust Wallet, Exodus, Coinbase. Kòm Hot Wallet

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer